Sunday, July 19, 2009

JWI LAVI BY BARKAD

bookmark bookmark bookmark bookmark bookmark bookmark bookmark bookmark bookmark bookmark bookmark bookmark

Barikad Crew - Jwi lavi w

Barikad Crew
Kè (K-Tafalk (R.I.P) / Kondagana / Marco)

Jwi lavi w frèm tout tan ka viv
Bouske la vi dè fwa tou konn detwi la vi
Wè jouw viv yo ou pa konn ki jou wap mouri
Koz vi a kout kon bout jip fanm
E l dous dou tankou bout kann

Famous a.k.a Deja Voo (R.I.P)

Hun, in the bible says
Pa ganyen kap rete tout bagay gen pou pase
Pou ki ? pou tuye tèt ou son lachte
Si lavi ya te gon pri malerek pa tap achte
(tcheck this)
Lyrics m vinn krache
M garanti ou tande mwen ou kapab di n sa vre
Pa bo isit tout depote pè krim rache
M konn mezi pye m,
M konn reziye m
M pa janm vinn lache

A mon avis si kris te bay souf la avi
Lèzom tap fè trop chèlbè dyolè ak vizaj lavi
Men l met lanmo k trè frekan a vizaj radi
What goes up must comes down se la k lanfè ak paradi
Jwi lavi frèm, ça’l faut que tu le saches
Ou met yon ouvriye, medsen
Alevwa w machann pistach
M pa kwè nan sa gen sosyal ki dire klas
Men talè kontra w bout misye lanmo gen yon ti past kout
Deja Voo !

Kè (K-Tafalk / Kondagana / Marco) (x2)

Jwi lavi w frèm tout tan ka viv
Bouske la vi dè fwa tou konn detwi la vi
Wè jouw viv yo ou pa konn ki jou wap mouri
Koz vi a kout kon bout jip fanm
E l dous dou tankou bout kann

Phantom

Chak moun gen yon fason pou yo konsevwa lavi
Yo ka gen menm pot rantre jamè yo pap gen menm pot soti
Sinon patap gen sezon sechrès ni sezon lapli
Ni ou pa tap konn kotew prale siw pa konn kotew soti
Chak jou ta dwe fèt pou ou
Anyen pa dwe frèt pou ou
Desepsyon eksepsyon kout baton pa defèt pou ou
Mwen gen 25, pa konn si map wè 26 zan
Tout fwa m ta wèl mwen ret kwèl pap rete pou tout tan

Dade (R.I.P)

Se gade w ou wè sou kabann
On dal moun kanpe devan’w
Yap kriye pou jwe louvri ket se sa pi fo tout ap tann
Pou yo diw kenben di k intel pat ka vini
30 dola sa dread, m oblije potel li
Lè w vinn jwenn konesans ou wè w pèdi on nanm kelkonk
Moralman ou pèdi manman w
Non se sèl li ki sou sèn nan
La ! poze kesyon pou ki malè pat avèti m
Menm jan toutan yo dinn
Fok nou ka sispann bati bo ravinn

Kè (K-Tafalk / Kondagana / Marco)

Jwi laviw frèm tout tan ka viv
Bouske la vi dè fwa tou konn detwi la vi
Wè jouw viv yo ou pa konn ki jou wap mouri
Koz vi a kout kon bout jip fanm
E l dous dou tankou bout kann

(Bridge) Kondagana

Jwi laviw frèm tout tan ka viv
Bouske la vi dè fwa tou konn detwi la vi
Wè jouw viv yo ou pa konn ki jou wap mouri
Koz vi a kout kon bout jip fanm
E l dous dous tankou bout kann

Izolan

Haaaa !
Chak fwa map trip m pa janm panse ak lanmo
E lè m kwaze yon antèman m etone kè m bat fo
Life la baw tan pou w bwase
Se pou lè pye w glise
Pou prepare pou tonbe
Mdi ak frè m, mdi ak sè m lavi se yon defi
Kit se zanmi m kit se fanmi m piga w kouri sou li
Pa gen anyen ki piti
Si nan nwit te easy
Pa gen mounn ki tap janm fèmen pot pou li

Brital

La vi ya drol li di nou tout pa fini viv li kanmèm
Dè jou w kontan konsa tou dè jou ou ka wè w vini blèm
Yo ! se sans li boss tout sa map diw rete fèm
Branche pou rete, se moun kap batay ki viv
Ou ka chwazi koman w vle viv men janmè koman w vle liv yo
Chwazi manje diri men janmè mayi ak viv
Siw gen le chwa pa gen rezon pou w apkonplekse lavi
Menm lè touman w anpil ak sa w genyen pa janm bouke jwi l yo

Kè (K-Tafalk / Kondagana / Marco) (x2)

Jwi laviw frèm tout tan ka viv
Bouske la vi dè fwa tou konn detwi la vi
Wè jouw viv yo ou pa konn ki jou wap mouri
Koz vi a kout kon bout jip fanm
E l dous dou tankou bout kannhttp://www.youtube.com/watch?v=szIMvi9w8ho

No comments: