Sunday, July 19, 2009

Tete fret By Barikad

Barikad Crew Logo
[FANTOM]

M-mande-w granmèt anba zèsèl ou pi fon pou ou kache-m
E mwen pap nye-w se volonte-w sou nenpòt sak ta rive-m
Si lavi-m ta gen obstak se ou k-mete-m nan eprèv
Ou met kwè m-pap fè bak li ta mèt menm nan yon rèv
M-pap opsede de anyen
Ni m-pap sede pou anyen
Paske depi-m te fèt m-pat jwenn fanmi-m posede anyen
Menm lè bato-m a la derive se pa twal vwal li-k pouri
Tafyatè dòmi nan gildiv kleren pou bouch li santi (tchek)

[DÉJÀ-VOO AKA FAMOUS (R.A.P.)]

Pou surviv fòk ou fight ak tèt frèt do it right
Men si lavi ap mal mennen-w dignite-w kenbe-l high
Konn ran-w pou zanmitay ke ou konnen-w ou konn li tight
K-pap etone pou yon pla fritay
Ambisyon kondisyon pa-w solusyon m-met rete la
Byen materyèl pa al nan syèl sou de zepòl ou ret tèt drèt sa
Se yon fòmil pou viv tèt frèt fier d‚être kontante-w a
Sa ou genyen fòk ou konnen pa-w pou renmen
Si la vi-a mare ren ou kris te trennen anba jwuif romen
Pa pè soufri piga-w lese ale vi pa-w
Lè sa nan vi pa-w nèg pap file-w tankou ti kap
Wap apran viv ak yon ti kras
Tankou lanmè wap anti kras
Lign defans ou pap andikap
Wap sansib pou back ou tankou exzamen back tou
Tankou-w te gen glack tou presye kou Barikad Crew
E lè sa tout sa wap fè nan vi-a wap fè-l tèt frèt tèt drèt yo
Ou pap rayi yon moun kap mennen Jezi-k konnen

[KÈ] K-TAFALK (R.A.P)

Gad
(koral: wi chèf)
Gad
(koral: wi chèf)
Vinn di-m si nou kwè nap viv jan-n vle-a
(koral: non chèf)
Nou fyè
(koral: wi chèf)
Nou fò
(koral: wi chèf)
Menm lè lavi-a ap fout nou frèt
(Koral: ret tèt frèt)
Gad
(koral: wi chèf)
Gad
(koral: wi chèf)
Vinn di-m si nou wè nap viv jan-n vle-a
(koral: non chèf)
Nou kwè
(koral: wi chèf)
Nou konn
(koral: wi chèf)
Menm lè-n ta tonbe atè frèt
(Koral: ret tèt frèt)

[BRICKS]

Gan bòks kap nan de men-w pou-w ka fight ak lavi-a
Pran fòs panse ak demen-w pou-w ka tight ak sa ki high
Koz ou konnen pa gen anyen-k fèt fasil G
Men-m lè-w pa feel li
M-kwè-l ka vinn pi di
Ou konnen blood se sak lavi
Prensip lan pa egri dog de sa kap jwui
Kenbe tèt ou pandan wap travay pi plis yo
Ret tèt frèt tou pandan wap bay sa ki jis yo

[DADE (R.A.P.)]

Ou pa gen sou moun pou konfye
Lè zak ou pran monte pa pil<> Menm bagay yo byen dè dèyè dò-w (dò-w) Conda∑
Pròp zanmi-w, pròp fanmi-w, ata fanm ou dèyè blow (blow) Conda∑
E byen ret tèt frèt, tèt drèt
Granmoun ak sak fèt ayè
Si-m di a∑ pou tout sa yo fè-n
Se sa kap fòse-n boure menm lè gou bouch nou amè
Di sa ou gen pou di a ou ka vire dò-w
Koz lakou ou ka achte-l sou wè-l vo pri-a
Ou konn pouki nan simityè nou pa wè yo ekri brav
Se paske moun kap ekril la just pa ekril gay
Sò-w wè Barikad Crew montre-n se pa pou sèl manje l-ka debat
Lang nan bouch ou li dwe bat
Si se pou defann koz ou ou menm si tou ki se black
J banm di-w menm lè ou pa rapè refren an deyò-a an eseye di-l

[REPRIZ KÈ]

K-TAFALK (R.A.P.)

Holla! ak tout nèg kap rele aba a tout règ
Mache tèt bese pou bese tèt moun so malè a ou tou Grèg
Ke bezwen disi ba fi-n pa vinn rann avèg
W-byen gwo w-byen gra men poutan nan lespri-w ou mèg (mèg) (mèg) Fantom∑
Aprè Bondye te ba-w lavi
M-ta renmen-w di-m
Ki sa-w pat jwenn ke-w pat ka fè
Latè-a la dog pou ou tou li se yon règ frè
Pi plis ou aprann plis wa konprann
Sèvo-a vo sa-l rann
Depi jodi-a jamè wa va jire ke jenou-w pap pliye
Menm jan nan kou-w yo pap mete
Okenn chenn me nm lè lap briye
Di-w pap bliye kiyès moun ou ye nèg k-pap sipliye
Kap repliye lè-l fas o devwa nan nenpòt deal li ye
Konn sa tan pou black ta viv konsa n-ta prefere
Fè tapajè e menm mouri tou
Nou ka pa gro gason men nou vanyan tankou kirikouhttp://www.youtube.com/watch?v=wSufm6CGP44

No comments: